
Ampil fwa le nou sou route nou, nou kwaze ak yon moun et nou trouve moun sa vreman anfom fizik li gen tout kalite ou te ka bezwen nan yon moun, nou pale nou koze nou al nan restoran nou manjé nou bwè nou pataje kek ti blag nou rire et nou al nan hotel epi booom, men jodia mwen vin bay kek rezon ou pa ta dwe kouche ak yon moun san ou pa vreman konnen li.
1- Moun nan ka infekte epi ou pat menm gen preservatif nan telman fe presse nou menm arivé pa sonje sa et selon statitik ke pi fort moun ki infekte pa maladi moun fe nan sex se pa sa nou rele one night stand
2- Moun nan ka yon sociere oh wi nou ka sezi tande sa men sa se pa yon moth gen moun ki vin kouché avek ou se paske le yap kouche ak ou yo fe yon rituel epi ou menm ki pansse ou sot passe yon bon moment apres sa kek mois ou vin we tout sa wap mete main ou ladan pa mache ou vin santi ou vin negatif ou perdu tout chance ou
3- Moun sa ka yon volè moun sa ap fin kouché ak ou epi apres se we ou li ka brake yon zam sou ou li mande ou pou bay li lajan oswa ou ka ap domi le ou leve se we ou Kay la vid se kom si yon kote moun pat janm rete
4- Moun sa ka vini c just pou fe ou mal li ka sere yon kamera nan chanm li epi moun sa avili ou sou nempot rezo sosyal et sa ka yon bagay ou pa janm ta vle we nan vie
5- Moun sa ka yon sikopat sa vle di yon moun ki ka tiye ou jis passe li tande yon voix nan tete li di li fe sa lap fe ou mal LA epi li pap janm gen konsyans sa LA fe ou nan bon kreyol LA moun sa se yon moun four
6- Moun sa ka yon kidnapeur kon nou gen yon kriz nan peyi nou konye ya se kidnapping fok mwen ta mete li nan list wi moun ka jis yon kidnapeur
P.S so Konsey mwen ta bay ou se konnen moun ou pral pataje moment sa avek li pran li ak risque ou
Pa bliye Pou nou like li et komante