10 fanm Ki gen plis lajan nan mond lan


Nan yon mond kote yo di se gason ki domine li,kote yo di fanm pa ka touche pye yo, se difisil pou yon moun ka imajiné gen fanm ki gen lajan kote kek gason menm nan reve yo pa ka posedel. Men list 10 fanm ki pi rich nan Mond land.

10- Susanne Klatten
 
Susanne gen $18.4 milya dola, Susanne se yon fanm ki fe business et li jwen ampil lajan papa li te mouri kite pou li.

9- Abigail Johnson
Abigail gen $19.1 milya dola li se yon fanm ki responsab yon gran antrepriz  et li soti nan gran fanmiy rich

8- Elaine T.Marshall
Elaine gen $20.7 milya dola, Elaine ki gen 15% nan gran kompayi Ki rele Koch et li eritye ampil nan defen mari li ki  se te E. Pierce Marshal fondatè kompayi Koch LA

7-Yang Huiyan
Yang gen $24 milya dola, Yang se fanm ki pi rich nan continan azyatik la  li fe lajan li nan fe jaden et nan achté Kay ak vand kay.

6- Laurene Powell Jobs
Laurene gen $27.6 milya dola
Laurene se madanm marye dèfen Steve Jobs fondatè kompàyi apple LA

5-Mackenzie Bezos
Mackenzie gen $42.4 Milya dola
Mackenzie se èks madanm Jeff Bezos
kreatè kompayi amazon mesye dame yo rive divosé é manmzèl five jwen yon gran pousentaj nan lajan Jeff paske li te investi temp li ampil nan sa Jeff ye jodia

4- Jacqueline Mars
Jacqueline Mars gen $44.7 milya dola
Li soti nan grand fanmi Mars et kote fanmi sa gen yon grand kompayi Ki rele mars

3-Alice Walton

Alice gen $51.7 milya dola Alice se pitit fiy Sam Walton fondatè Walmart Alice se yon moun ki kolete penti pou li reven

2- François Bettencourt Meyers
Bettencourt gen $58.9 milya dola et li sete fanm ki te pli rich nan mond lan ant ane 2017 pou rive 2019 li soti nan yon grand fanmi frasè Meyers

1- Julia Fresher Koch
Julia se fanm ki pli rich nan mond lan li gen $60 milya dola li se madanm defen David Koch Ki se te yon politisyen, injenyè, chimist le mari a mouri li resevwa yon gran pati nan riches mari li

P.S sa nou panse fanm sa yo

Pa bliye Pou nou pataje li et like li

Design a site like this with WordPress.com
Get started