5 bagay ou ta dwe kembe Pou ou sel.

Se vre le nou gen yon zanmi et le nap viv an fanmi ke nou dwe pataje, pataje sa kap kap passe nan mond nou sa ki fe nou mal et byen,men kek fwa nou kon arivé pedi limit nou rive di sa nou pa te dwe di lè sa nou mete vie nou nan tout sot pwoblem. Jodia mwen vin diw gen 10 bagay ou pa ta dwe ap pataje or di tout moun kelkeswa moun nan.

1- Kombyen KOB(lajan) or kombyen ou touché.Se vre kek fwa le nap touché yon bon some lajan or ou gen yon bon rezeve li kon rive vle fe ou fè vanta pou ou komanse pale de finnasyè ou pouw moutre jan se yon gwo bway ou ye menm li tap pi bon ou pa janm di moun sa.

2 Oryentasyon seksyel, lavi intime ouou t mennen “chat, chyen,zwazo”,nempot sa li ye nan chanm ou pou fe nempot sa li ye li pa yon bagay pou ou ta ap mache ap fe piblisite paske ampil fwa se plus deranje li deranje moun ke li fe yo alez so sak fet sou kaban ou pa bezwen nan premye paj Facebook

3 Febles patnè ou Ampil fwa le nou gen yon bon zanmi nou gen tandance poun di li tout et de tout de sa kap passe ansanm ak patnè nou pale yo tout de patnè et lè sa se ou menm menm Ki louvri pot pou yo pran patnè or kraze relasyon, maryaj nou totalment

4- Sakap passe nan fanmiypasseFanmiy nou jwe ampil wol nan vie nou et kek fwa nou bay lot moun plus impòtanse passe yo men a menm ten se kom si ou t gen yon fòterèse epi wap di edmi ou tout pot sekrè pou yo passe

5- Sak te passe byen lontan

Li difisil pou nou bliye yon bagay ki te passe ki te fe nou mal et kek fwa nou santi nou tap soulaje si nou di yon moun men non cheri mwen se pwob jouman ou wap mete deyò paske plus souvan moun bezwen konnen passe ou pou Le yo gen kont Pou yo fe yo sevi jouman ak mepriz

Design a site like this with WordPress.com
Get started