7 bagay ki ka fe yon fanm fou pou yon gason

Nou konnen koman yo toujou di tout gason se menm oh yo gen menm defo menm si se pa yon bagay ki pa vre men kek fwa jan ampé gason reyaji li kon fe santi sa menm si gen gason ki janti,komedi,afektye,men kek fwa kalite sa yo kon pa asse pou fe yon fanm tombe et menm fou pou ou se pou sa jodya map bay nou 7 bagay ki ka fe yon fanm fou pou ou pou li bliye menm tete li pou ou😻

  1. Yon ijèn total

Kek fwa ampil nan nou gason nou kon neglije ijèn nan et gen kek nan nou ki kon menm santi fe pwopte ak kò nou se yon afè fanm men non yon fanm renmen le yon gason pwop lè cheve li byen fet le rad li byen chita sou le li gen yon bon sant pafun sou li so mesye mwen yo pa neglije ti propte ya si nou bezwen fe fan pedi to tete li

2-Pa pran poz ou pli ro passe tout moun(oswa ou obsede ak tet ou)

Se yon nan bagay fanm rayi Le yon gason selman pansse se li ki gen valè ,oswa gason pansse li trop bo chak minit fok lap gade tet li nan miroir non mesye yo se fanm lan pou nou bay atansyon sa yo gade kom si se premye fwa ou we yon moun konsa fe kom si ou poko janm we yon bel kreyati konsa

3 . Jwe di Pou jwen

Jwe di pou jwen ka samble se yon afè fanm men non mesye mwen yo passe yon fanm pap fin tombe pou si chak minit ou deyè yo WAp rele yo kek fwa c pou nou fe kom si nou pa sou Bò Le sa, sa pral fe fanm poze kesyon eske mwen pa bel asse koman li fe pa sou mwen Le sa li pral fe tout bagay pou li jwen atansyon ou

4 se Pou yon jantèlman (byenelvé)

Yon nan bagay ki ka fe yon fiy four se Le li we ou gen prinsip ou byen elvé si li nanmachine ou vin louvri pot pou li si li pral chita ou gentan rale chez la pou li ou kon manjé byen sou tab ou kon pale byen sa fe yon fanm santi li nan syel

5 Ou gen yon bit nan lavie

Yon fanm renmen we yon neg ki gen yon objektif nan lavie yon neg ki kon sa li bezwen passe le sa,sa fe fanm nan konnen ke moun sa gen yon fiti ki asire

6- Ou abiye Pou impresyoné li

Si ou tande yon fanm ap di li renmen kek still de rad si liwe ou abiye avek rad li vin santi ke ou pran kom yon moun spesyal ke ou anvi li

7-yon fanm renmen yon neg ki kwè nan tete li

Yon bagay fanm renmen nan gason se le li we yon gason kwè nan tet li nan tout sa wap fe moutre me WAP reyisi sa fe fanm nan kontan ampil menm so ou pap genyen toujou moutre WAP genyen sa fe fanm plezi ampil

Design a site like this with WordPress.com
Get started